Koneksyon Chelsea Everett Greenway a
Pou kreye yon plan pou nouvo koridò natirèl rekreyatif Greenway a k ap soti nan fen Chelsea Greenway pou rive nan Encore Casino a, santye Northern Strand Trail la, ak pi lwen.
Chelsea Everett Greenway | Photo Credit: MAPC
Konsèy Planifikasyon Zòn Metwopoliten (Metropolitan Area Planning Council - annapre MAPC), ansanm ak Vil Chelsea ak Everett, ap antreprann yon etid pou konekte koridò natirèl rekreyatif Chelsea Greenway a ak santye Northern Strand Trail la ak zòn Encore Casino a.
Premye faz sa a se yon analiz opsyon yo pou idantifye pi bon aliyman an, ki vle di pi bon wout pou konekte fen koridò natirèl rekreyatif Chelsea Greenway a nan Chestnut Street nan vil Chelsea ak Broadway (Route 99) nan Everett rive sou santye Northern Strand Trail la. Analiz opsyon yo finanse an pati pa yon sibvansyon komisyon sou zafè jwèt Massachusetts Gaming Commission la.
An jeneral, n ap defini yon "koridò natirèl rekreyatif" oswa "greeway" kòm yon koridò pou mache, monte bisiklèt ak woule, ki separe fizikman ak wout pou veyikil a motè. "Woule" vle lòt kalite mobilite pèsonèl ak wou san konte bisiklèt, tankou chèz woulant, walkè, mobilèt, mopèd, paten, sketbòd ak plis ankò.
Etid la pwograme pou fini nan ete 2025, ak seleksyon final pou pi bon aliyman an tou. MAPC planifye pou itilize rekòmandasyon etid yo pou aplike pou finansman nan lavni pou avanse koridò natirèl rekreyatif la nan faz konsepsyon ak konstriksyon.
Ou gen kesyon?
Travis Pollack (Direktè Pwojè)
[email protected]
(617) 933-0793
David Loutzenheiser
[email protected]
(617) 933-0743
Kontèks
Zòn ki ozalantou Encore Casino nan Everett ak Chelsea kontinye ap evolye soti nan yon zòn ki te itilize sitou pou transpò machandiz, lojistik ak espas endistriyèl pou vin tounen yon zòn ki gen plis devlopman pou itilizasyon melanje (sa yo rele "mixed-use" nan kontèks planifikasyon zonaj) ki pral bay nouvo opsyon pou magazen, lojman, espas biwo, ak amizman.
Sepandan, yo pa t janm adapte rezo wout ki egziste deja yo pou chanjman peyizaj sa a, patikilyèman wout ki relye zòn ès ak lwès yo ki soti nan Chelsea ak Everett ak zòn kazino a. Sikilasyon machin la ogmante plis toujou nan menm lari ak otowout yo ki te deja chaje ak trafik, epi aksè san danje pou bisiklèt ak pyeton yo limite anpil nan Chelsea rive nan Encore.
Defi sekirite sa a pi difisil toujou pandan peryòd gwo trafik la nan maten ak apremidi ak pandan gwo evènman nan kazino a, lè Wout 16 ak 99 yo gen gwo anbouteyaj, epi sèl lòt ti wout lokal ki relye zòn ès ak lwès la (Beacham Street) deja itilize anpil pou transpò machandiz. Anplis, opsyon transpò soti nan Chelsea pou ale nan kazino a ka pran plis pase yon èdtan pou rive, pafwa ak plizyè koneksyon otobis.
An 2023, MAPC te aplike pou e li te resevwa yon Sibvansyon Pou Mitigasyon Kominotè (Community Mitigation Grant) nan men Massachusetts Gaming Commission pou jwenn sèvis konsiltasyon pou fè yon analiz opsyon yo pou idantifye pi bon aliyman an oswa aliyman yo, pou konekte fen koridò natirèl rekreyatif Chelsea Greenway a nan Chestnut Street nan vil Chelsea ak Broadway ( Route 99) nan Everett ak santye Northern Strand Trail la.
Kat ki anba a montre pwen apwoksimatif kote pwojè a pra l kòmanse ak fini, ansanm ak koridò natirèl rekreyatif ki deja egziste ak sa k ap vini yo, liy pou bisiklèt, ak santye nan zòn nan
Dènye nouvèl yo
Etid pou Koneksyon Chelsea Everett Greenway a te kòmanse pandan ete 2024 la.

Ansyen bilding depo brik anfas nouvo lojman | Kredi foto: MAPC

Kat sa a montre rezo santye enkonplè nan Chelsea ak Everett. Koridò natirèl rekreyatif Chelsea Greenway ki egziste deja a fini nan lès Route 1, ki nan yon distans plis pase 2 mil de Encore Boston ak santye Northern Strand Trail la. Liy solid la montre santye ak chemen ki egziste deja (vèt ak wouj), ak liy bisiklèt yo (ble). Liy tirè yo montre wout potansyèl yo, konsepsyon ak kote yo dwe detèmine.
Kalandriye Pwojè a
Ete 2024 | Pwojè a ap kòmanse |
Otòn 2024 | Seleksyon konsiltan pou evalye opsyon yo |
Ivè 2024/2025 | Evaliysasyon sou teren an, sansibilzasyon pati prenant yo, evaliyasyon pakou yo |
Prentan 2025 | Idantifye pi bon aliyman an |
Ete 2025 | Piblikasyon rekòmandasyon etid la selon planifikasyon an |
MAPC prevwa pibliye konklizyon yo pou piblik la revize yo epi bay fidbak yon fwa yo idantifye pi bon aliyman an. Y ap fè yon efò sansibilizasyon anplis lè pwojè a antre nan faz konsepsyon an, lè rezidan yo, travayè yo, ak lòt moun ka bay opinyon ak fidbak sou konsepsyon ak amenajman koneksyon koridò natirèl rekreyatif Greenway a.
Lòt pwojè ak resous anrapò ak pwojè a
Lyen annapre yo mennen nan lòt pwojè ak pwogram transpò nan zòn etid la.
Landline
LandLine se vizyon MAPC pou konekte koridò natirèl rekreyatif ak santye nou yo pou fè yon sèl rezo. Plan an te devlope an kowòdinasyon ak LandLine Coalition, yon gwoup 40 volontè ki reprezante yon kantite ajans lokal ak gwoup defans.
Depatman transpò Vil Everett la
Depatman transpò Vil Everett la, (City of Everett Transportation and Mobility Department) antreprann plizyè inisyativ planifikasyon ak pwojè pou enfrastrikti fizik Vil la.
Paj Depatman lojman, devloman kominotè, infrastrikti ak mobilite vil Chelsea
Paj Depatman lojman, devloman kominotè, infrastrikti ak mobilite vil Chelsea, (City of Chelsea Department of Housing and Community Development, Infrastructure and Mobility) gen landan l lyen pou plizyè pwojè transpò ki genyen nan vil Chelsea.
Pwojè ekstansyon liy otobis gri a
Pwojè ekstansyon liy otobis gri a (MBTA Silver Line Extension), se plan MBTA (Autorite transpò an komen pou Massachussets pou ralonje sikwi rapid tranpò bis la (Bus Rapid Transit) pou l travèse Cheslea ak Everett rive nan plas Sullivan Square.